Chagrin - Jah-Yey

[edit lirik]

Kòman’w fè pa konnen poukisa mwen chagrin

Pouki tyè mwen ap senyen!



Ou pa wè’m gen 2 pyè’m ak 2 men’m paka defan’n mwen

Mwen tankou yon vo ryen



Mwen kanpe map gade, yon pakèt assasin

Se manman’m yap assasinen



“Chorus”



Si-m preske Orphelin en en en

Kijan pou’m pa chagrin

Kijan pou’m pa kriye e e

Kijan pou’m pa chante! (2)



Men moun ki gen bon memwa yo

M-konnen yo sonje

Jan gran frè’n yo te goumen



Yo te bay lavi yo

Dènye gout sa yo

Pou manman yo



Yo patap jan’m van’n pwòp frè yo ak sen denden pou 2 gouden

Non non